BOUKANTAY 2026

Quando
sábado, 24 de outubro de 2026 às 00:00 – domingo, 25 de outubro de 2026 às 23:59 (horário de Port-au-Prince)
On-line
Acompanhar on-line
Com
Rideka Jacques
Organizador
Lanmou ak Limyè
BOUKANTAY 2026

N ap jwenn kilti, mizik ak solidarite nan BOUKANTAY 2026!
Rideka Jacques se yon chantèz, antreprenè ak kreyolis ki mete talan li ak devouman li nan sèvis kilti ak kominote ayisyen an.
Li se fondatris Lanmou ak Limyè, yon kominote ki òganize aktivite sosyal ak aksyon solidarite pou soutni moun ki nan bezwen. Pami inisyativ kominote a, genyen akonpayman pou moun ki bezwen sipò sikolojik ak emosyonèl, ansanm ak lòt zèv charite ki chita sou lespri konbit ak solidarite ant konpatriyòt.
Nan kad BOUKANTAY 2026, Rideka pral pote yon touch atistik nan refleksyon nou yo sou avni lang kreyòl ayisyen an atravè yon pèfòmans mizikal.
Vin selebre lang nou, kilti nou ak lespri konbit ki ini nou!
📅 24–25 oktòb 2026
💻 Sou Zoom
🎧 Entèpretasyon anglè–kreyòl disponib.
🔗 Enskri: http://mwakreyol.com